Deklarasyon Ijans pou COVID-19

Release Date Release Number
HQ-20-017-FactSheet
Release Date:
March 13, 2020

Nan dat 13 mas 2020, Prezidan an deklare pandemi aktyèl Maladi Coronavirus 2019 (COVID-19) la grav ase ak kritik ase pou l jistifye yon deklarasyon ijans pou tout eta, tribi, teritwa, ak Distri Columbia a selon seksyon 501 (b) nan Lwa Robert T. Stafford pou Sekou nan Ka Dezas ak Ijans (Robert T. Stafford Disaster Relief and Emergency Act, Stafford Act) la, 42 U.S.C. 5121-5207 (“Lwa Stafford” la). Etablisman Leta, Teritoryal, Tribi, gouvènman lokal ak sèten òganizasyon prive ki pa travay pou pwofi (PNP) elijib pou yo aplike pou Asistans Leta.

Dapre seksyon 502 nan Lwa Stafford la, yo ka ranbouse pou mezi pwoteksyon nan ka ijans ki elijib yo e ke yo te pran pou reponn a ijans COVID-19 la, baze sou direksyon oubyen direktiv otorite sante piblik yo, dapre Kategori B nan pwogram Asistans Leta ajans lan. FEMA p ap diplike asistans Depatman Sante ak Sèvis Sosyal (Department of Health and Human Services, HHS) bay yo, ikonpri Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (Centers for Disease Control and Prevention), oubyen lòt ajans federal. Sa gen ladann mezi pwoteksyon nan ka ijans yo pou aktivite yo antreprann pou reponn a ensidan COVID-19 la. FEMA ap bay asistans baze sou 75 pousan pataj depans Federal yo.

Deklarasyon sa a ogmante sipò federal HHS nan wòl li antanke ajans federal prensipal nan repons gouvènman federal la pou COVID-19. Deklarasyon ijans lan pa afekte mezi ki otorize anba lòt lwa Federal.

Asistans FEMA ap egzije egzekisyon yon Akò ant FEMA-Eta/Tribi/Teritwa, jan sa nesesè, ak egzekisyon yon plan ijans apwopriye. Gouvènman Eta, Tribi ak Teritoryal yo pa bezwen fè demann separe pou deklarasyon ijans pou yo kapab jwenn asistans FEMA anba deklarasyon nasyonal sa a.

FEMA ankouraje otorite yo pou yo pran aksyon apwopriye e ki nesesè pou pwoteje sante ak sekirite piblik konfòmeman ak konsèy sante piblik yo.

# # #
Misyon FEMA se pou l ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.

Tags:
Dènye mizajou